The Bronx Journal Online

Home Archives About Us What's new FAQ
MLJ at Lehman Lehman College Languages&Literatures Arts&Humanities Contact Us
The Bronx Journal-Haitian Creole     September, 1999


S’on nasyonalis mwen ye

Sa vle di ke endepandans Ayiti ak devlopman li se bagay ki tre enpontan pou mwen; e ke premye devwa m'(apre fanmi m') se anvË peyi m'.

Apre sa, se revolisyon sou tout planËt la: nan Karayib lan anvan, answit nan rËs Ameriklatin nan, ak pËp soudevlope Ozetazini ak Kanada (Endyen, Ameriken Nwa, Latino, Azyatik, etsetera); apre sa se an Afrik, an Azi, pËp soudevlope an EwÚp (minorite an AngletË, an Frans, etsetera; ak peyi Slav - afË revolisyon an 1917 la sete bobin); finalman res Europe lan.

M'toujou ap fË graj poutËt sitiyasyon Ayiti an (e m’ap kontinye fË graj): an menm tan s'on peyi ak on istwa diferan, an menm tan gen ven milyon lÚt peyi ki konn menm sitaysyon an. Li ta mËt vle yon peyi bÚlËt, se kan menm premye repiblik nwa ki janm ekziste. TËlman gen koze ki fËt an Ayiti, ke yo mete l'menm kote ak gwo peyi kouwË Chili, Ajantin, Brezil ak Meksik.

Se pa de bagay ki sanble: enstabilite politik pou o mwen santan apre lendepandans, envazyon Ameriken nan debi syËk lan (tankou Dominikani, Kiba, Potoriko, pa ekzanp); ak on seri diktati kraze zo (ke Tonton Sam te voye pou nou) pandan lanne swasant jisk an 1980 (Guatemala pran devan, answit se Ayiti, Brezil,

Ajantin, Chili ak Pewou). Nou te youn nan premye moun sou kontinan an ki te sevi ak taktik geriya pou goumen (se sak fË nou genyen gË dendepandas lan - on bann Franse tou sÚt k’ap bat tanbou pou fË moun byen wË ki bÚ yo ye [toukÚm Angle yo te fË an Jamayik ak Mawon yo ni PanyÚl yo te fe Obrezil ak PalmarËs], MEN PA W'!!!).

G’on ekip bagay ki fË ke se yon ti SOUDàV KAPONNEN ke m'ye; premye bagay la se rasism Ewopeyen (ke l’enstitusyonalize ou pa); answit entËvansyon enperyalis peyi devlope yo; e finalman koze DEVLOPMAN an.

Nanpwen bagay m'rayi pase sa.
Anyen

Se pa paske m'pa vle endepandans ekonomik ak politik pou peyi mwen ak lÚt peyi “soudevlope” yo. Se ke m’pa vle ni:  pwogwam devlopman, ke swa ONG, oganizasyon entËnasyonal ou nËpÚtkiyes; devlopman tankou peyi devlope yo. Ou ta vle tout planËt la sou Prozac?

Detoutfason, pa gen okËnmoun k'ap ofri nou devlopman kouwË pa peyi sa a yo, tou sa nou ka fË se bourike...

Antouka. Se sa k'entwodiksyon an. Ni pou mwen, ni pou ZËb Ginen.

Ou pa kontan w'te fË kÚnesans avË m’?
Se KreyÚl Nou Ye Boukman Eksperyans Nan mache, pwomennen chËche, M'rakontrÈ on tizanj ki di mwen, Se kreyÚl nou ye, se kreyÚl nou ye.

LË m’rete, mwen gade andan mwen, Mwen di mwen ke se yon verite; Se kreyÚl nou ye, se kreyÚl nouye.

Ayisyen yo pito pale franse olye yo pale kreyÚl;  Ayisyen yo pito pale angle olye yo pale kreyÚl; Ayisyen yo pito pale panyÚl olye yo pale kreyÚl; Ayisyen yo pito pale franse olye yo pale kreyÚl.

Se menm noumenm nan...

            Wi se menm noumenm nan                  kreyÚl nou ye.
           
Se kreyÚl nou ye, m'pa p'janm               wont sa.
           
Nati Kongo nou ye, sa n'pral 
            pË la?
            Dayiti Kongo, nËg Ginen, 
            nËg Nago yo.
            Anmwey Jan Petro, 
            nËg Dawome, nËg Kongo yo.
            Nou di se kreyÚl nou ye.
            Nou di se kreyÚl nou ye.
            Se kreyÚl nou ye!

Ayisyen yo pito pale franse olye yo pale kreyÚl; Ayisyen yo pito pale angle olye yo pale kreyÚl; Ayisyen yo pito pale panyÚl olye yo pale kreyÚl; Ayisyen yo pito pale franse olye yo pale kreyÚl.

            Wi se menm noumenm nan,                 kreyÚl nou ye.
            Se menm noumenm nan...
            Dayati nou ye, sa n'pral wont                  sa.Nati Kongo nou ye sa n'pral 
            pË la?
            Dayiti Kongo, nËg Ginen, 
            nËg nago yo.
            Anmwey Jan Petro 
            nËg Dawome, nËg Kongo yo.
            M'di se kreyÚl nou ye.
            Ala n'pap janm wont sa.
            Jamayiken nou ye.
            Trinidadyen nou ye.
            Gwadloupeyen nou ye la.
            Se Brezilyen nou ye.
            Soufle konpe nou di se 
            kreyÚl nou ye.
            Ala n'pa p'janm wont sa.
            Kote w'soti? Lafrik!
            Kote w'prale?
            KiyËs ki manman w'? Lafrik!
            KiyËs ki manman w'? Lafrik!

  

 

For General Information contact: tbj@lehman.cuny.edu || Last modified: August 30, 1999
Problems with this web site should be reported to the
webmaster
This site is designed and maintained by Louis Cruz, Technology Coordinator, Division of Arts & Humanities, Lehman College, CUNY