The Bronx Journal-September 2000
Creole
Sa Gramè ye?
Pouki Yon Gramè
Ann di, gean twa jan moun kapab esplike sa
gram`e ye. Premyèman, n ap di gramè se yon seri règ lang nan mete
ansanm pou pèmèt nou pale byen, di sa nou vle di ak ekri byen lan lang
nou pale a. Lekól, gen yon seri règ nou aprann ki mande pou nou ba yo
onè respè. Sa vle di nou dwe suiv yo san gade dèyè, Gramè sila a ki
regle jan moun pale ak jan moun ekri lang nou jweenn li nan lang angle,
panyòl, italyen, franse, pótigè, ris, elatriye. Lan lang lasyan, yo
rele gramè sa a gramè korektif. Sa vle di wòl li se korije moun.
Dezyèm kalite gramè nou pral wè a pa di
nou jan pou nou pale ni jan pou nou ekri. Yo pa di nou ni ki jan pou nou
di tèl pawòl ni tèl fraz. Ni li pa di nou si tèl mo ak tèl
espresyon bon oubyen pa bon. Travay li se montre ki jan lang fonksyone;
kidonk, li dekri yon lang. Kalite gramè sa a nou jwenn li nan lang nou
site pi wo yo. Se sa gwo savan, linguis yo, rele Gramè Deskriptif. Se
pa yon gramè yo etidye ni nan lekòl primè ni nan lekòl segondè. Nou
jwenn li tou bònman nan inivèsite lèfini se sèlman moun k ap etidye
lasyans ki etidye l.
Twazyèm kalite gramè a se sa yo rele
Gramè Jeneratif Transfòmasyonèl. Yon gwo mo lasyans ki vle di tou
bònman: yon gramè ki konnen deja. Nou gen travay Pastè Lobak la kòm
egzanp. Yon lòl bon egzanp se liv Profesè Albè Valmann ekri a
"Basic course in Haitian Creole", ladann gen règ, vokabilè
ki tradui pou ede ameriken aprann pale kreyòl.
Pou yo anseye yon lang nan lekòl li fèt
pou gen yon gramè eksplisit, yon gramè ki fè règ yo vin klè tankou
dlo kokoye devan je nou. Èske nou ka konsevwa lang tankou fraanse ak
angle ap fonksyone nan lekòl yo san gramè? Ki règ moun t ap suiv pou
ekri tout liv y ap pibliye depi nan tan bimbo. N ap di, toulede lang sa
yo gen tradisyon ekri epi yo se lang ansèyman depi plis pase twa syèk.
Si kreyòl ap antre lekòl li dwe gen gramè eksplisit li. Sonye byen,
nou te di kreyòl se yon lang ki plis oral. Moun lakay, sitou sak konn
pale franse, gen tandans pa respekte règ ki pi elemantè lang kreyòl
la. Gen defwa tou, yo sèvi ak mo lòt moun pa konnen alòske mo kreyòl
nan lekòl.
Gras a Dye mèsi plis chans pa manke bon
liv (woman, kont, istwa, liv sou lang elatriye) kèk ekriven konsekan,
ki manyen lang nou an byen, ekri. Gen anpil bagay nou k ap fè ak liv sa
yo.
Youn ladan yo se fè egzèsis sou tèks yo
pou aprann teknik pale ak ekri. Pa bliye, se konsa anpil lang sou latè
devlope. Lekòl se mwayen ki pi si pou aprann ti moun reflechi, konprann
ak analize lang li. Magre, nou konnen pa gen lang sou latè tout moun
pale menm jan, men lekòl pèmèt yon lang vin pi ini. Lè gen yon
òtograf ofisyèl moun gen tandans ba lang lan plis ònè ak respè. |