LAN 2000 AP
RANTRE: Sa k fèt nan katye popilè yo?
Si
lanne 1999 la, kòm sa k te pase anvan yo, se te yon espas kote pouvwa
anplas la ap mache di l fè, poutan, tande bèf alewè kòn, katye popilè
yo, bidonvil yo, toujou rete menm jan an, oubyen, anpil fwa gen nan yo
ki vin pi mal.
Depi koumansman mitan desanm lan,
rive jouk nan lè n ap ekri la a, nou ki prezante ribrik sou katye popilè
nou yo, te pwomennen vizite tout katye bidonvil, ke nou te prezante nan
jounal la, sa nou konstate, akote lamizè, mank sante, chomaj,
ensekirite, analfabetis, pwoblèm dlo, kouran, fatra, inondasyon, lavichè,
elatriye se chen k ap tranpe kasav pou popilasyon yo.
Diran lane a, nou te prezante kèk
zòn, sitou nan Pòtoprens, kouwè: riyèl Kretyen, Lasalin, Twou Vital,
Kaydrès, Sen Michèl, Ravin Ri Maglwa Anbwaz, Mòn ka mari, Tè Blanch,
Bisantnè, Pawas Sen Michèl, Vilaj Site Plis, Ravin Dèlma 48, Tokyo,
Nan zile, Solino, Ticheri, Ofelen, Bafon Filomèn, Bouck Chany... Nou te
mache vizite tout nannan katye sa yo, tande pawòl moun yo,
revandikasyon yo e prezante yo lan jounal la, nan yon objektif, pou tout
moun enfòme sou sitiyasyon deplorab katye pòv nou yo e pou fè pase
doleyans popilasyon an.
Malgre tout kout rèl moun yo, nan
fen lane a nou repase nan katye yo, nou remake sitiyasyon moun yo toujou
rete menm jan an, si l pa vin pi agrave.
Pa ekzanp, yon pil fatra nan Twou
Vital, zòn ri Tirmas, nou te prezante e ki la depi plis pase 20 lanne,
jiskaprezan, fatra a toujou la, e anplis, nan zòn ri Tirmas la, travay
pou twonse wout la, ki la depi 1 nan pa janm ka fini; sa vin lakòz
sitiyasyon zòn sa a vin pi grav anba fatra nan chak kalfou, debri bwote
tout wout la.
Nan Kaydrès ak Sen Michèl,
Masira, akote salte, ak fatra ki chita nan tout rakwen e ki aji sou
sante popilasyon an, yon moun zòn nan ap eksplike: ... Zenglendo ak nèg
ak zam fin pran zòn sa yo, plis pase 5 moun mouri nan mwens pase yon
peryòd 3 mwa. Lapolis pa konn ekzistans katye sa a...
Pou
sa ki konsène Ravin Danjere ri Maglwa Anbwaz, nou te prezante
sitiyasyon l, kote se yon ravin ki menase lavi popilasyon an, sitou lè
lapli tonbe, dlo anvayi zòn sa a, bagay la vin pi dejenere, akote mi
kay toupre ravin lan ki deja dekonstonbre ak sekous dlo, wout asfalt la
fin kraze nèt, machin ak pyeton, pa fouti bouje kò yo. Se menm
reyalite a pou sa ki konsènen Ravin Dèlma 48 la, kote moun yo abite
nan milye ravin sa a. Tokyo, Solino, Ti cheri, Vilaj Site Plis pa epaye,
piske ti kay ki viwonnen gwo ravin ou kannal dlo nan zòn sa yo vin pi
degrade chak jou gen jou.
Sòf
kote ki gen kèk ti travay lejè ki fèt, se premyeman, nan riyèl
Kretyen, travay pou voye kèk kouch asfalt nan wout sa a, fini kèk tan,
men kannal la, yo pa manyen l an pwofondè, sa vle di, ti pon yo
konstwui sou li a, ka kraze nenpòt ki moman, devan fòs dlo a.
Dezyèmman,
nan zòn Bisantnè, travay amenajman ki te koumanse pou amelyore
kondisyon plas la fini. Sa pa vle di pou otan, keksyon salte tout kalte
yo, fini nan perimèt plas sa yo. E ensekirite a toujou rete tennfas nan
zòn sa yo. Se youn nan rezon ki lakòz plas sa yo, pa tèlman frekante
leswa.
Antouka,
malgre rèl popilasyon an pou denonse kondisyon bèt l ap viv nan divès
katye popilè peyi a, dirijan peyi a, fè kou wè yo soud, yo pa tande.
Se atò yo lage nan blofe pèp la ak bèl pwomès, poutan maladi, fyèv
tout kalte, sida, mizè, ensekirite, lavichè, chomaj, analfabetis, move lavi ap fè popilasyon
nou yo, monte lesyèl pa do.
Malgre lanne 99 la prale, malgre
yo di syèk la ap fini, dirijan ayisyen yo deside kontinye menm jan an!
The material for this page
was obtained from the internet. Credit is given to Anacaona |