S’on nasyonalis mwen ye
Sa
vle di ke endepandans Ayiti ak devlopman li se bagay ki tre enpontan pou
mwen; e ke premye devwa m'(apre fanmi m') se anvË peyi m'.
Apre
sa, se revolisyon sou tout planËt la: nan Karayib lan anvan, answit nan
rËs Ameriklatin nan, ak pËp soudevlope Ozetazini ak Kanada (Endyen,
Ameriken Nwa, Latino, Azyatik, etsetera); apre sa se an Afrik, an Azi, pËp
soudevlope an EwÚp (minorite an AngletË, an Frans, etsetera; ak peyi
Slav - afË revolisyon an 1917 la sete bobin); finalman res Europe lan.
M'toujou
ap fË graj poutËt sitiyasyon Ayiti an (e m’ap kontinye fË graj): an
menm tan s'on peyi ak on istwa diferan, an menm tan gen ven milyon lÚt
peyi ki konn menm sitaysyon an. Li ta mËt vle yon peyi bÚlËt, se kan
menm premye repiblik nwa ki janm ekziste. TËlman gen koze ki fËt an
Ayiti, ke yo mete l'menm kote ak gwo peyi kouwË Chili, Ajantin, Brezil
ak Meksik.
Se
pa de bagay ki sanble: enstabilite politik pou o mwen santan apre
lendepandans, envazyon Ameriken nan debi syËk lan (tankou Dominikani,
Kiba, Potoriko, pa ekzanp); ak on seri diktati kraze zo (ke Tonton Sam
te voye pou nou) pandan lanne swasant jisk an 1980 (Guatemala pran devan,
answit se Ayiti, Brezil,
Ajantin,
Chili ak Pewou). Nou te youn nan premye moun sou kontinan an ki te sevi
ak taktik geriya pou goumen (se sak fË nou genyen gË dendepandas lan -
on bann Franse tou sÚt k’ap bat tanbou pou fË moun byen wË ki bÚ
yo ye [toukÚm Angle yo te fË an Jamayik ak Mawon yo ni PanyÚl yo te
fe Obrezil ak PalmarËs], MEN PA W'!!!).
G’on
ekip bagay ki fË ke se yon ti SOUDàV KAPONNEN ke m'ye; premye bagay la
se rasism Ewopeyen (ke l’enstitusyonalize ou pa); answit entËvansyon
enperyalis peyi devlope yo; e finalman koze DEVLOPMAN an.
Nanpwen
bagay m'rayi pase sa.
Anyen
Se
pa paske m'pa vle endepandans ekonomik ak politik pou peyi mwen ak lÚt
peyi “soudevlope” yo. Se ke m’pa vle ni:
pwogwam devlopman, ke swa ONG, oganizasyon entËnasyonal ou nËpÚtkiyes;
devlopman tankou peyi devlope yo. Ou ta vle tout planËt la sou Prozac?
Detoutfason,
pa gen okËnmoun k'ap ofri nou devlopman kouwË pa peyi sa a yo, tou sa
nou ka fË se bourike...
Antouka.
Se sa k'entwodiksyon an. Ni pou mwen, ni pou ZËb Ginen.
Ou
pa kontan w'te fË kÚnesans avË m’?
Se KreyÚl Nou Ye Boukman Eksperyans Nan mache, pwomennen chËche,
M'rakontrÈ on tizanj ki di mwen, Se kreyÚl nou ye, se kreyÚl nou ye.
LË
m’rete, mwen gade andan mwen, Mwen di mwen ke se yon verite; Se kreyÚl
nou ye, se kreyÚl nouye.
Ayisyen
yo pito pale franse olye yo pale kreyÚl;
Ayisyen yo pito pale angle olye yo pale kreyÚl; Ayisyen yo pito
pale panyÚl olye yo pale kreyÚl; Ayisyen yo pito pale franse olye yo
pale kreyÚl.
Se
menm noumenm nan...
Wi se menm noumenm nan
kreyÚl nou ye.
Se
kreyÚl nou ye, m'pa p'janm
wont sa.
Nati
Kongo nou ye, sa n'pral
pË la?
Dayiti Kongo, nËg Ginen,
nËg Nago yo.
Anmwey Jan Petro,
nËg Dawome, nËg Kongo yo.
Nou di se kreyÚl nou ye.
Nou di se kreyÚl nou ye.
Se kreyÚl nou ye!
Ayisyen
yo pito pale franse olye yo pale kreyÚl; Ayisyen yo pito pale angle
olye yo pale kreyÚl; Ayisyen yo pito pale panyÚl olye yo pale kreyÚl;
Ayisyen yo pito pale franse olye yo pale kreyÚl.
Wi se menm noumenm nan,
kreyÚl nou ye.
Se menm noumenm nan...
Dayati nou ye, sa n'pral wont
sa.Nati Kongo nou ye sa n'pral
pË la?
Dayiti Kongo, nËg Ginen,
nËg nago yo.
Anmwey Jan Petro
nËg Dawome, nËg Kongo yo.
M'di se kreyÚl nou ye.
Ala n'pap janm wont sa.
Jamayiken nou ye.
Trinidadyen nou ye.
Gwadloupeyen nou ye la.
Se Brezilyen nou ye.
Soufle konpe nou di se
kreyÚl nou ye.
Ala n'pa p'janm wont sa.
Kote w'soti? Lafrik!
Kote w'prale?
KiyËs ki manman w'? Lafrik!
KiyËs ki manman w'? Lafrik!
|