The Bronx Journal Online

Home Archives About Us What's new FAQ
MLJ at Lehman Lehman College Languages&Literatures Arts&Humanities Contact Us

 

Ekri Kreyòl Fasil

Biwo Nasyonal Alfabetizasyon


Viv lavi pou tout moun. Viv lapè pou tout moun. Viv lasante pou tout moun. Viv manje pou tout moun.
Viv travay pou tout moun. Viv lekòl pou tout moun.
Aba lavi chè. Aba lagè. Aba grangou. Aba lamizè. Aba lenjistis. Aba pàn kouran.

 

Tout moun se elèv. Tout moun se pwofesè. Tout moun ap aprann ekri kreyòl fen. Chak moun ap montre yon lòt moun ekri kreyòl, ak twa ti prensip. Pawòl nou fèk li yo, ap montre nou jan chak lèt ret nan wòl yo, jan tout son ekri menm jan, epi jan nanpwen let ki bèbè, ki initil.

1. Chak lèt ret nan wòl yo
Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan pawòl nou fèk li yo:

a- nan: katreven, drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè, pàn, lagè, travay.
an nan: san, aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou
b- nan: aba
ch- nan: chak, cho
d- nan: drapo
e- nan: me, katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl, montre, lasante, manje, lekòl, ret
è- nan: nèf, fèt, elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè
en- nan: katreven, fen, prensip, lenjistis
f- nan: nèf, fèt, fen, pwofesè
g- nan: lagè, grangou
i- nan: dizui, mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri, ti, prensip
j- nan: lenjistis, manje
k- nan: katreven, ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl
l- nan: mil, elèv, kreyòl, lòt, lèt, wol, lenjistis, lavi, lamizè, lagè, lasante, lapè, lekòl
m- nan: me, mil, moun, montre, lamizè
n- nan: nèf, inivèsite, moun, aprann
o- nan: drapo, yo
on- nan: onz, montre
ou- nan: tout, moun, kouran, pou
p- nan: drapo, pwofesè, ap, prensip, pan, lapè
r- nan: katreven, drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, ret, kouran, travay
s- nan: inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante
t- nan: katreven, fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, ret, travay
ui- nan: dizui
v- nan: katreven, inivèsite, elèv, lavi, viv, travay
w- nan: pwofesè, twa, wòl
y- nan: kreyòl, yon, yo, travay
z- nan: dizui, onz, lamizè
An menm tan, tout egzanp sa yo montre nou dezyèm prensip la se:

2. Tout son toujou ekri menm jan
Anpil egzanp montre nou sa twazyèm prensip la ye, espesyalman lè nou gade dènye lèt ki parèt ladan yo. Twazyèm prensip la se:

3. Nanpwen lèt ki bèbè, ki pa pale, ki pa remèt son pou yo remèt la
Nou wè sa nan: bab chich rad nèf nèg paj chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv kaw travay onz.
Kalkile prensip sa yo byen.
Gade ki jan tout koze ki nan fèy sa a ekri.
Suiv modèl yo byen.
Epi, ekri tout bèl pawòl ki nan tèt nou, fasil.

 

For General Information contact: tbj@lehman.cuny.edu || Last modified: March 27, 2002
Problems with this web site should be reported to the
webmaster
This site is designed and maintained by Louis Cruz, Technology Coordinator, Division of Arts & Humanities, Lehman College, CUNY