The Bronx Journal Online

Home Archives About Us What's new FAQ
MLJ at Lehman Lehman College Languages&Literatures Arts&Humanities Contact Us
The Bronx Journal Online-Haitian Creole Page

Frontpage

LAN 2000 AP RANTRE: Sa k fèt nan katye popilè yo? 

Si lanne 1999 la, kòm sa k te pase anvan yo, se te yon espas kote pouvwa anplas la ap mache di l fè, poutan, tande bèf alewè kòn, katye popilè yo, bidonvil yo, toujou rete menm jan an, oubyen, anpil fwa gen nan yo ki vin pi mal.

Depi koumansman mitan desanm lan, rive jouk nan lè n ap ekri la a, nou ki prezante ribrik sou katye popilè nou yo, te pwomennen vizite tout katye bidonvil, ke nou te prezante nan jounal la, sa nou konstate, akote lamizè, mank sante, chomaj, ensekirite, analfabetis, pwoblèm dlo, kouran, fatra, inondasyon, lavichè, elatriye se chen k ap tranpe kasav pou popilasyon yo.

Diran lane a, nou te prezante kèk zòn, sitou nan Pòtoprens, kouwè: riyèl Kretyen, Lasalin, Twou Vital, Kaydrès, Sen Michèl, Ravin Ri Maglwa Anbwaz, Mòn ka mari, Tè Blanch, Bisantnè, Pawas Sen Michèl, Vilaj Site Plis, Ravin Dèlma 48, Tokyo, Nan zile, Solino, Ticheri, Ofelen, Bafon Filomèn, Bouck Chany... Nou te mache vizite tout nannan katye sa yo, tande pawòl moun yo, revandikasyon yo e prezante yo lan jounal la, nan yon objektif, pou tout moun enfòme sou sitiyasyon deplorab katye pòv nou yo e pou fè pase doleyans popilasyon an.

Malgre tout kout rèl moun yo, nan fen lane a nou repase nan katye yo, nou remake sitiyasyon moun yo toujou rete menm jan an, si l pa vin pi agrave.

Pa ekzanp, yon pil fatra nan Twou Vital, zòn ri Tirmas, nou te prezante e ki la depi plis pase 20 lanne, jiskaprezan, fatra a toujou la, e anplis, nan zòn ri Tirmas la, travay pou twonse wout la, ki la depi 1 nan pa janm ka fini; sa vin lakòz sitiyasyon zòn sa a vin pi grav anba fatra nan chak kalfou, debri bwote tout wout la.

Nan Kaydrès ak Sen Michèl, Masira, akote salte, ak fatra ki chita nan tout rakwen e ki aji sou sante popilasyon an, yon moun zòn nan ap eksplike: ... Zenglendo ak nèg ak zam fin pran zòn sa yo, plis pase 5 moun mouri nan mwens pase yon peryòd 3 mwa. Lapolis pa konn ekzistans katye sa a...

Pou sa ki konsène Ravin Danjere ri Maglwa Anbwaz, nou te prezante sitiyasyon l, kote se yon ravin ki menase lavi popilasyon an, sitou lè lapli tonbe, dlo anvayi zòn sa a, bagay la vin pi dejenere, akote mi kay toupre ravin lan ki deja dekonstonbre ak sekous dlo, wout asfalt la fin kraze nèt, machin ak pyeton, pa fouti bouje kò yo. Se menm reyalite a pou sa ki konsènen Ravin Dèlma 48 la, kote moun yo abite nan milye ravin sa a. Tokyo, Solino, Ti cheri, Vilaj Site Plis pa epaye, piske ti kay ki viwonnen gwo ravin ou kannal dlo nan zòn sa yo vin pi degrade chak jou gen jou.

Sòf kote ki gen kèk ti travay lejè ki fèt, se premyeman, nan riyèl Kretyen, travay pou voye kèk kouch asfalt nan wout sa a, fini kèk tan, men kannal la, yo pa manyen l an pwofondè, sa vle di, ti pon yo konstwui sou li a, ka kraze nenpòt ki moman, devan fòs dlo a.

Dezyèmman, nan zòn Bisantnè, travay amenajman ki te koumanse pou amelyore kondisyon plas la fini. Sa pa vle di pou otan, keksyon salte tout kalte yo, fini nan perimèt plas sa yo. E ensekirite a toujou rete tennfas nan zòn sa yo. Se youn nan rezon ki lakòz plas sa yo, pa tèlman frekante leswa.

 Antouka, malgre rèl popilasyon an pou denonse kondisyon bèt l ap viv nan divès katye popilè peyi a, dirijan peyi a, fè kou wè yo soud, yo pa tande. Se atò yo lage nan blofe pèp la ak bèl pwomès, poutan maladi, fyèv tout kalte, sida, mizè, ensekirite,  lavichè, chomaj, analfabetis, move lavi ap fè popilasyon nou yo, monte lesyèl pa do.

Malgre lanne 99 la prale, malgre yo di syèk la ap fini, dirijan ayisyen yo deside kontinye menm jan an!

The material for this page was obtained from the internet. Credit is given to Anacaona

 

For General Information contact: tbj@lehman.cuny.edu || Last modified: March 27, 2002
Problems with this web site should be reported to the
webmaster
This site is designed and maintained by Louis Cruz, Technology Coordinator, Division of Arts & Humanities, Lehman College, CUNY