The Bronx Journal Online

Home Archives About Us What's new FAQ
MLJ at Lehman Lehman College Languages&Literatures Arts&Humanities Contact Us

 

The Bronx Journal-Haitian Creole Page

Frontpage

 

Mirak Jezi fê

Jezi gade, li wè yon gwo foul moun ki tap vin jwenn-li.

Li rele Filip, li di-l konsa: Ki bò nou ta ka jwenn manje pou nou achte pou nou bay moun-sa-yo manje?

(Li tap di sa pou li te wè sa Filip tap reponn-li; li-menm li te deja konnen sa li tapral fè.)

Filip reponn-li: Menm si nou ta gen desan (200) goud pou nou achte pen, pa tap gen ase pou chak moun ta jwenn tikal.

Yon lòt nan disip yo, Andre, frè Simon Pyè-a, di-li: Gen yon ti gason la-a ki gen senk pen fèt ak farenn lòj, ak de ti pwason. Men, sa pa anyen pou tout kantite moun-sa-yo. Jezi di yo: Fè moun-yo chita.

Te gen anpil zèb bò la. Moun-yo chita, te gen senkmil (5.000) gason konsa.

Jezi pran pen-yo; lè li fin di Bondye mèsi pou-yo, li bay disip-li-yo, epi disip-yo bay tout moun ki te chita-yo.

Li fè menm jan-an tou ak pwason-yo.

Yo tout te jwenn kantite yo te vle.

Lè tout fin manje vant plen, Jezi di disip-li-yo: Ranmase tout ti moso ki rete yo. 

Pa kite anyen gaspiye.

Yo ranmase tout moso ki te rete nan senk pen moun-yo te manje yo.

Yo plen douz panyen pote ale.

Lè moun-yo wè mirak Jezi te fè-a, yo di konsa: Se vre wi, nonm sa-a se pwofèt ki te gen pou vini sou latè-a.


Hope

Jezi di-yo: Pa kite bagay sa-yo toumante-nou.

Mete konfyans-nou nan Bondye, mete konfyans-nou nan mwen tou.

Lakay Papa-a gen anpil kote pou moun rete.

Mwen pral pare plas pou nou.

Si se pat vre, mwen pa ta di-nou sa.

Lè ma fin pare plas-la pou nou, ma tounen vin chache-nou.

Konsa, kote ma ye-a, se la na ye tou. 

Worship

Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan. 

Fè sèvis pou Senyè-a ak kè kontan.   Vini fè fèt devan-li.  

Pa janm bliye Senyè-a, se Bondye li ye.  

Se li menm ki fè-nou, se pou-li nou ye.  

Se  pèp-li nou ye, mouton ki nan savann-li.    Antre nan tanp-li, di-l mèsi.  

Antre kote ki apa pou-li-a, chante pou-li.   Wi, fè lwanj-li, di-l mèsi.   

Senyè-a gen bon kè, li pap janm sispanm renmen-nou.  

De pitit an pitit, lap toujou kenbe pawol-li.

                                                

 

For General Information contact: tbj@lehman.cuny.edu || Last modified: March 27, 2002
Problems with this web site should be reported to the
webmaster
This site is designed and maintained by Louis Cruz, Technology Coordinator, Division of Arts & Humanities, Lehman College, CUNY