| Créations |
|
Bonel Auguste
m pa gen lòt
demen
yon pari kazwèl
rèv lòm
se limit lòmlafwa mfoli pa m
pa foli bifèt
ni riyèl
foli m se riban
nan tèt timoun
jaden danfanEgzil mwen
ki pi lwen m
se san m k ap sikile
nan pye mesiyen
ap glise byen klere
nan bave chen
letènite
s'on pikèt bèf
simityè travèse
somèy nou
an janm de bwa
an bagèt legede
li kite nan de men nou
yon milye ti bato papye
k ap navige nan kalbas
lanmò m gen de fas
yon fas fanm
yon fas dlo
labote
s'on zwazo benyen an san
ki frape kò l sou vit la
epi k rale on trèn zetwal
son nan je m![]()
Bonel Auguste
Né à Port-au-Prince en 1973, Bonel Auguste a étudié la linguistique et l'histoire de l'art. Travaille à la Bibliothèque Monique Calixte.
Boutures, vol.1; n° 1 - table des matières
« île en île »
|
tous droits
réservés
© Boutures / « île en île » 2001 |